Konfidansyalite
Dènye mizajou : 25 out 2026.
Sa Lakou pa fè
Pa gen kont : pa gen enskripsyon, pa gen modpas, pa gen adrès imel — jwèt la pa konnen kiyès ou ye. Pa gen done pèsonèl : ni non, ni kontak, ni kote w ye, ni foto, ni mikwo, ni kamera. Pa gen piblisite ni traser piblisite ; jwèt la pa janm mande idantifyan piblisite aparèy ou. E anyen pa vann, bay pèsonn.
Sa Lakou anrejistre
Jwèt la mezire jan moun jwe l, pou nou ka wè sa k mache ak sa k raz moun. Mezi sa yo pase nan Google Firebase Analytics, mare ak yon idantifyan jwèt la fè pou tèt li premye fwa li louvri — yon nimewo o aza, ki pa mare ni ak ou ni ak aparèy ou. Chak mezi pote idantifyan enstalasyon an, konbyen jou depi enstalasyon an, vèsyon app la, lang ou chwazi a ak nivo jwè a. Avèk yo gen evènman jwèt la menm : louvri, fizyone, livre yon kòmann, restore yon chantye, achte. Anyen lòt. Firebase kolekte apa enfòmasyon teknik estanda — modèl aparèy, sistèm, peyi apeprè dapre adrès IP la. Gade règleman Google la : firebase.google.com/support/privacy
Sovgad ou
Pwogrè w rete sou aparèy ou. Tablo a, lajan an, chantye ki restore yo : tout sou aparèy la. Anyen pa voye, anyen pa kenbe sou yon sèvè. Dezenstale efase pati a, e ou pa ka jwenn li ankò.
Rapò pann
Lè jwèt la fèmen pou kont li, yon rapò pati nan Firebase Crashlytics : sa ki pa mache, ki kote nan kòd la, modèl aparèy la ak sistèm nan, ak dènye bagay ki te pase nan jwèt la. Li pote menm idantifyan enstalasyon an ak mezi anwo yo, e okenn done pèsonèl. San li, yon pann pèsonn pa di nou anyen sou li se yon pann nou pa janm konnen egziste.
Lis datant lan
Si w ban nou adrès ou sou sit la, nou kenbe l pou yon sèl bagay : di w jou jwèt la louvri. Nou kenbe l ak lang ou t ap li a, epi anyen lòt — pa gen non, pa gen traser, pa gen tyès pati. Pèsonn pa ka li l depi sou sit la, ata nou menm. Ekri lakou@jwetmobil.com epi n efase l.
Acha
Se Apple oswa Google ki jere acha yo, selon aparèy ou. Lakou pa janm wè mwayen peman w : sèlman konfimasyon yon acha fèt.
Timoun
Lakou pa vize timoun espesyalman e li pa mande yo anyen. Jwèt la bon pou tout laj.
Dwa w
Dezenstale app la kanpe koleksyon an ; idantifyan enstalasyon an ale avè l. Pou nenpòt kesyon oswa demann efasman : lakou@jwetmobil.com.
Chanjman
Tout chanjman nan paj sa a gen dat li anwo. Yon chanjman ki ta elaji koleksyon an t ap anonse nan nòt vèsyon an.